Cover photo for Marie Sanon's Obituary
Marie Sanon Profile Photo
1971 Marie 2021

Marie Sanon

October 3, 1971 — November 10, 2021

Alberthe Sanon  ale kite vi sa a nan maten ki te 10 novanm 2021 an apre anpil ane konba ak yon maladi ki t ap wonje li ti kras pa ti kras. Li mouri a laj senkantan. Li te rive sipòte eprèv sa a ak anpil kouraj. Li te andire soufrans yo pandan tout etap tretman li t ap suiv yo. Li te kenbe  tout diyite l malgre soufrans yo pa t piti. Li te sipòte maladi an ak anpil fòs, paske li te gen anpil konfyans nan Bondye

Li te renmen lavi. Li te profite chak moman, chak okazyon pou l te ka fè pròch li ak tout moun ki renmen l gen lajwa pou yo viv bò kote l. Malgre eprèv yo pa t fasil, tout sa li te ka fè pandan dènye moman lavi li, li te fè l ak kouraj. Se sa k fè nou p ap janm bliye kokennchenn lanmou li te temwaye pou tout fanmi an.

Li te renmen mari l anpil, li te renmen tout fanmi an. Li te rive kreye yon mwayen pou li kache soufrans li t ap andire yo yon fason pou doulè ki t ap travèse zantray li a pa te rann moun ki t ap viv bò kote li yo byen tris.

Nou gen anpil chagren dèske nou pèdi l, men an menm tan an tou, nou vle selebre lavi li ki te yon bagay ekstrawòdinè. Se te yon fanm ki te gen anpil pasyans, anpil sajès ak anpil respè nan relasyon ak moum.

Alberthe Sanon ki pou anpil moun rele SÈSÈ, te fèt 3 oktòb 1971 nan vil Marigo nan Sidès peyi a, men li te grandi plis Pòtoprens. Se la li te rankontre ak mwatye l Belony JULES ki ta pral marye ak li nan lane 2003. Yo te gen 3 pitit, yo te kreye yon bèl ti fanmi. Malgre maladi a, li te toujou rete poto mitan fanmi an selon deklarasyon mari l. Li te kontwole tout bagay ak sajès, li te develope ak mari li yon bèl konplisite, se te yon lanmou resipròk  ki te fè  tout fanmi an kontan. Li te renmen fanmi l plis pase tout bagay e li te renmen tou prochen li. Li te toujou gen yon ti mo lespwa nan bouch li pou l konsole fanmi an nan moman eprèv yo. Li te souriyant, se te yon fanm vanyan, pwoblèm lòt se te pwoblèm pa li, li pito bliye tèt li pou li ka ede lòt moun.

Pi gro kado Bondye fè l se paske li sipòte maladi an pandan lontan pou l te ka kontinye bay timoun li yo bon jan lanmou ak edikasyon. Janmen nou p ap ka bliye l.

Li ale kite dèyè mari li : Belony JULES ; pitit li : Carmelie, Shanice ak Ashley Jules ; manman li : Irma Rousseau ; papa li :André Sanon ak madanm li Asanta ; frè li yo :  Dany Sanon ak Evens Douze ; sè li :  Nancy DouZe ; bèlmè li:  Carmen Celestine; tonton li yo : Wilder, Eugene ak Eddy  Rousseau,  san nou pa bliye pitit yo chak ; tant li yo : Irlande, Myria, Marie José Roussau ak pitit yo chak, Hermionne Sanon, Marie yolene Deronette ak pitit yo chak ;  bèlsè ak bòfrè  : Marie Uceta, Esther pierre, Reveran Pè : Carlo JULES, Luckner Jules, neve ak nyès li yo : Manuel Jules , Ashton, Kathy,Kelly,Whitney,Siméon,Angelica Rivera ak Vinscaina ; kouzen li yo : Maxo Rousseau, Gérard Rousseau, Peterson Rousseau ak pitit yo chak; kouzin li yo : Noodjah Rousseau , Marie Julie, Emmanuella, Magalie Rousseau ak pitit yo chak , Edith Rousseau ak pitit li, Roosevelt Rousseau, Philippe Rousseau, Peggy St Jean ak pitit li, Jackie Barthelemy ak pitit li, Junior Armand, Duckens Armand, Nathalie Rousseau, Edison Rousseau, Joshua Rousseau, Jonathan Rousseau, Jenny star Rousseau, Kendy Rousseau.

Alberthe Sanon, ki di SÈSÈ ale kite yon gwo fanmi dèyè, yon fanmi ki long e ki makònen ak anpil lanmou youn pou lòt. Nou p ap janm bliye l, Ale an pè.

Marie's Funeral Mass will be livestreamed at https://vimeo.com/647921041

To order memorial trees or send flowers to the family in memory of Marie Sanon, please visit our flower store.

Service Schedule

Past Services

Visitation

Friday, November 19, 2021

6:00 - 9:00 pm

The Donohue Funeral Home - Upper Darby

8401 West Chester Pike, PA 19082

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Visitation

Saturday, November 20, 2021

9:00 - 9:30 am

The Donohue Funeral Home - Upper Darby

8401 West Chester Pike, PA 19082

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Funeral Mass

Saturday, November 20, 2021

Starts at 10:00 am

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Guestbook

Visits: 57

This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.

Service map data © OpenStreetMap contributors

Send Flowers

Send Flowers

Plant A Tree

Plant A Tree